#HAITI: Chak lè Leta a pran wout vyolans ak represyon, listwa fè sitwayen yo obligasyon pou pran wout Rezistans ak Vijilans!

 

Chak lè Leta a pran wout vyolans ak represyon, listwa fè sitwayen yo obligasyon pou pran wout Rezistans ak Vijilans!

Pòtoprens, Ayiti, 5 Novanm 2018.

Kominike pou laprès

Chak lè Leta a pran wout vyolans ak represyon, listwa fè sitwayen yo obligasyon pou pran wout Rezistans ak Vijilans!

Nan sans sa Senatè Antonio CHERAMY melanje vwa l’ ak vwa popilasyon an pou denonse zak sasinay pouvwa egzekitif la ap fè nan katye pòv yo pou anpeche tout fòm ekspresyon endiyasyon ak mobilizasyon kont sila yo ki gagote ak mal jere lajan ak byen leta.

Chak fwa sitwayen yo pran lari a pou rele “bare vòlè” se tankou se deranje yo deranje pouvwa a. Poutèt sa, pouvwa a pran tout dispozisyon pou kraze mouvman pèp la ap mennen an pou jwenn laverite sou kouman yo depanse lajan PetroCaribe a, ki te dwe fè devlopman ak kreye bon jan enfrastrikti.

Pouvwa a bay lòd pou maspinen yo, touye yo, ba yo gaz lakrimojèn san bezwen, mete yo nan prizon san respè pou lalwa ak diyite yo, elatriye.

Dènye jou sa yo, gouvènman ak lapolis poze plizyè zak ki fè nou rive konprann klèman lavi moun pa vle di anyen pou rejim tèt-kale #2 a.

Nap gade tou zak represyon ak vyolans ki fèt sou elèv lise yo pandan y’ap egzije leta peye pwofesè yo nan lide pou yo vin travay kòm sa dwa ak jwenn bon jan kondisyon pou yo aprann.

Anvan epi pandan gwo mobilizasyon nasyonal 17 oktòb la, plizyè sitwayen tonbe anba bal lapolis-gouvènman an. Sa k pi di a, gen nan yo ki pa menm gen chans pou yo jwenn yon lantèman nan diyite.

Sa fè nou sonje jounen 31 oktòb 2018 la kote militè-lapolis-gouvènman an rantre nan legliz Pèpetyèl-Sekou sou Bèlè, tou pre palè nasyonal la, pou tire epi simaye gaz lakrimojèn, san gade dèyè, pandan antèman 6 konpatriyòt nou yo ki te mouri anba bal asasen lapolis-gouvènman nan dat 17 oktòb la… ajisman sila lakòz plizyè lòt konpatriyòt viktim anba bal…pami yo zanmi-kanmarad, Ferlando Duclaire, yon jèn gason kap goumen pou sosyete ki pa miwo-miba.

Epi sa ki pi rèd la, lapolis-gouvènman an rantre brit sou kou nan lopital Bernard Mevs jou ki te 2 novanm lan pou arete yon moun nan lopital la san yo pa bay atansyon ak lèzòt yo ki anndan lopital sa kap soufri epi ki ka twomatize pa ajisman sa. Anplis mòd aksyon sa yo ap rann travay medsen ak lòt moun nan sektè medikal la vin pi frajil.

Pandan tan sa, nan katye popilè yo lapolis gouvènman an pa sispann egzekite pèp la ak bal. Daprè yon rapò plizyè asosyasyon dwa moun siyen, gen plizyè moun lapolis te arete, metrize yo epi kèk jou apre yo dekouvri kadav moun sa yo nan lari.

Sitiyasyon sa yo fè nou konprann lavi moun pa vle di anyen pou dijiran yo. Sila ki la pou sèvi ak pwoteje popilasyon an se yo menm ki ap detwi lavi pèp la.

Dènye evènman yo menen n poze plizyè kesyon sou lavi ak avni nou kòm pèp: Ki sosyete nou vle? Ki sa n’ap kite pou timoun yo demen? Pouki Leta fè represyon ak vyolans tounen dra pou kouvri vòl ak kòripsyon?

Dapre atik 8 deklarasyon inivèsèl dwa moun lan:
“Se dwa tout moun pou otorite lajistis nan peyi kote y ap viv la, ba yo bon jan konkou pou anpeche yo viktim move zak ki dozado ak dwa Konstitisyon oswa lalwa peyi a ba yo eke dwa sa yo pèsonn pa sipoze wete nan men yo.”

Se poutèt sa, yon lòt fwa ankò nou kanpe pou n’ pran yon pozisyon klè pou n’ di nou kont pratik « kraze zo » lapolis la ak wout gouvènman an pran pou wete mounite sila yo k’ap viv nan katye pòv yo! Fas ak krim sa yo, n’ap denonse tou silans-konplis kèk enstans nan sosyete a espesyalman Pati politik yo.

Nan sans sa n’ap di rejim Tèt-Kale makouto-boujwa MOISE-CEANT, listwa pèp kap goumen pa konn fè bak; anvi ki abite gouvènman an pou mete baboukèt nan fè represyon ak vyolans sou pèp la pou limyè pa fèt sou 3.8 milya dola fon #PetroCaribe a pap brannen konviksyon pèp la nan batay pou derasinen vòl ak kòripsyon tout kalte nan Leta a. Se pou sa chak fwa Leta a pran wout vyolans ak represyon, listwa fè pèp la obligasyon pou l pran wout vijilans ak rezistans pou l viv diyite l.

Menm jan sa ekri nan atik 28 deklarasyon inivèsèl dwa moun:
“Se dwa chak moun pou li fè presyon sou lasosyete, ni nan peyi li, ni nan lòt peyi, pou lasosyete ranje zafè yo yon fason, dekwa pou dwa ak libète y ap pale nan Deklarasyon Dwa Moun sa a, ka reyalize tout bon vre.”

Ayisyen se pèp vanyan! Jodia li enpòtan pou nou rete mobilize ak kontinye fè tande revandikasyon nou, nan respè lalwa pou, jiskaske kondisyon lavi nan katye pòv yo ak nan peyizànri an chanje.

Biwo Kominikasyon Senatè Antonio CHERAMY

 

 

Print Friendly, PDF & Email